AVI


Mezon DARBOUCO ap fè tout moun konnen an jeneral e an patikilye tout aktè nan sektè agrikòl la ke nan fen mwa Me 2023, gen yon estòk semans legim
ke atoufè detounen epi vòlè sou wout Lasalin nan Potoprens.

Semans legim sa yo pote mak fabrik konpayi WESTAR SEEDS.

Nou menm nan DARBOUCO nap avèti tout pwodiktè legim ak moun ki nan biznis revann semans ke li pa responsab pa devan okenn moun (agrikiltè, distribitè, revandè elatriye) si yo pèdi lajan yo nan achte semans bon mache, ki mal konsève.

Ki donk, aprè anviwon 2 mwa semans sa yo gaye nan lanati, yo kapab bay gwo pwoblèm jèminasyon akòz move konsèvasyon e sitou ak tanperati a ki monte byen wo nan peryòd sa.

 

Men lis semans ki konsène yo :

Espès

Varyete

MAK

Nimewo LO

Kawòt (Carrot)

Chantenay Red Core

WESTAR SEEDS

2310-0330

Kawòt (Carrot)

Chantenay Red Core

WESTAR SEEDS

2310-0338

Piman Dous (Pepper)

California Wonder

WESTAR SEEDS

2228-8533

Tomat (Tomato)

Floradade

WESTAR SEEDS

2234-4604

Tomat (Tomato)

Floradade

WESTAR SEEDS

2234-4605

Tomat (Tomato)

Roma VF (Ti-Joslin)

WESTAR SEEDS

2334-7558

Navè (Turnip)

Purple Top White Globe

WESTAR SEEDS

2382-8379

Pwawo (Leek)

American Flag

WESTAR SEEDS

2320-0199

 

Pétyonvil, 26 Jiyè 2023