AVI
Mezon DARBOUCO ap fè tout moun konnen an jeneral e an patikilye tout aktè nan sektè agrikòl la ke nan fen mwa Me 2023, gen yon estòk semans legim ke atoufè detounen epi vòlè sou wout Lasalin nan Potoprens.
Semans legim sa yo pote mak fabrik konpayi WESTAR SEEDS.
Nou menm nan DARBOUCO nap avèti tout pwodiktè legim ak moun ki nan biznis revann semans ke li pa responsab pa devan okenn moun (agrikiltè, distribitè, revandè elatriye) si yo pèdi lajan yo nan achte semans bon mache, ki mal konsève.
Ki donk, aprè anviwon 2 mwa semans sa yo gaye nan lanati, yo kapab bay gwo pwoblèm jèminasyon akòz move konsèvasyon e sitou ak tanperati a ki monte byen wo nan peryòd sa.
Men lis semans ki konsène yo :
Espès |
Varyete |
MAK |
Nimewo LO |
Kawòt (Carrot) |
Chantenay Red Core |
WESTAR SEEDS |
2310-0330 |
Kawòt (Carrot) |
Chantenay Red Core |
WESTAR SEEDS |
2310-0338 |
Piman Dous (Pepper) |
California Wonder |
WESTAR SEEDS |
2228-8533 |
Tomat (Tomato) |
Floradade |
WESTAR SEEDS |
2234-4604 |
Tomat (Tomato) |
Floradade |
WESTAR SEEDS |
2234-4605 |
Tomat (Tomato) |
Roma VF (Ti-Joslin) |
WESTAR SEEDS |
2334-7558 |
Navè (Turnip) |
Purple Top White Globe |
WESTAR SEEDS |
2382-8379 |
Pwawo (Leek) |
American Flag |
WESTAR SEEDS |
2320-0199 |
Pétyonvil, 26 Jiyè 2023